top of page


AYITI : AMERICAN AIRLINES PREVWA REPRANN VÒL LI YO ANT MIAMI AK KAP AYISYEN APATI 1YE NOVANM 2026
Kap Ayisyen, 16 oktòb 2026. Apre prèske de lane entèripsyon, konpayi avyon ameriken American Airlines prevwa rekòmanse vòl komèsyal li yo ant Miami, nan eta Florid, ak Kap Ayisyen, nan depatman Nò peyi Dayiti, apati 1ye novanm 2026. Enfòmasyon sa a te vin piblik atravè Direktè Jeneral Otorite Ayewopò Nasyonal la (AAN), José Bernard Mathias Schettini, ki fè konnen konpayi an prevwa retabli koneksyon ayeryen dirèk ant de vil yo. Dapre enfòmasyon ki kominike yo, American Airline

haitianinfotv2026
il y a 4 heures1 min de lecture


AYITI: DEKRÈ ELEKTORAL LA LAKOZ GWO TANSYON! DAPRE MÉTRONOME, KOMINOTE ENTÈNASYONAL LA FACHE KONT ALIX DIDIER FILS-AIMÉ
Yon gwo tansyon diplomatik ap devlope sou kesyon òganizasyon eleksyon ann Ayiti, apre otorite ki sou pouvwa yo fin modifye dekrè elektoral la semèn pase a. Dapre enfòmasyon medya Métronome rapòte, kominote entènasyonal la pa dakò ak desizyon pou retire dispozisyon ki te entèdi moun Etazini, Kanada ak Inyon Ewopeyen an sanksyone patisipe nan eleksyon yo. Selon menm sous la, kèk aktè entènasyonal konsidere nouvo dekrè a kòm yon « dekrè lawont », paske li ouvri pòt pou pèsonalit

haitianinfotv2026
il y a 5 jours1 min de lecture


ESKANDAL NAN LAJISTIS! MÈT ARNEL REMY DENONSE 14 LANE DETANSYON SALIEN LOUBENS SAN JIJMAN
Avoka Mèt Arnel Remy lanse yon gwo rèl SOS pou Salien Loubens, yon prizonye ki, dapre deklarasyon li, gen 14 lane depi li nan prizon san li pa janm parèt devan okenn jij. Selon Mèt Arnel Remy, Salien Loubens twouve l aktyèlman nan prizon sivil Okap, alòske dosye li toujou sou kont lajistis Pòtoprens. Avoka a eksplike otorite yo te transfere prizonye a Okap akoz mank plas nan sistèm penitansyè a. Mèt Arnel Remy fè yon lòt revelasyon ki soulve gwo enkyetid. Li deklare Salien Lo

haitianinfotv2026
il y a 5 jours2 min de lecture


DIPLOMASI AYISYÈN AN ANBA KRITIK APRE POLEMIK SOU DEKLARASYON JWÈ SELEKSYON NASYONAL YO NAN SENDOMENG
Yon nouvo polemik leve sou fason diplomasi ayisyèn nan jere dosye deklarasyon kèk jwè seleksyon nasyonal foutbòl la te fè apre rankont kont Repiblik Dominikèn, jedi premye oktòb 2026 la. Nan yon piblikasyon li fè samdi 3 oktòb la, Radio Télé Métronome kritike atitid otorite diplomatik ayisyen yo, apre plizyè medya dominiken te rapòte Anbasad Ayiti nan Sendomeng te pran distans li ak deklarasyon jwè yo. Dapre Métronome, dosye a pran yon lòt dimansyon lè anbasad la ta voye yon

haitianinfotv2026
3 oct.1 min de lecture


IJANS SANITÈ ANN AYITI: YON SOUS ALÈTE SOU MANK REYAKTIF KI TA BLOKE DISPONIBLITE SAN POU TRANSFIZYON NAN PEYI A
Pòtoprens, jedi 1ye oktòb 2026. Yon sous ki kontakte redaksyon Haitian Info TV lanse yon alèt sou yon sitiyasyon sanitè li dekri kòm trè grav nan peyi Dayiti. Dapre enfòmasyon sous sa a kominike, sèvis transfizyon san yo ap fè fas ak yon gwo kriz akoz mank reyaktif ki nesesè pou teste san anvan yo otorize itilizasyon li sou pasyan. Sous la fè konnen, nan moman li t ap kominike avèk redaksyon an, pa t gen reyaktif ki disponib nan nivo santral Pòtoprens pou reyalize analiz obli

Haitian info TV
1 oct.2 min de lecture


JEAN ERNST MUSCADIN ENSKRI KÒM KANDIDA POU PREZIDAN SOU BANYÈ FCN
Jean Ernst Muscadin te enskri mèkredi 30 septanm 2026 la sou platfòm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP), kòm kandida pou prezidan sou banyè pati politik FCN. Enskripsyon sa a mete Muscadin nan pwosesis elektoral la, nan yon moman kote plizyè aktè politik ak pèsonalite piblik ap depoze kandidati yo pou pwochen eleksyon yo ann Ayiti. FCN ap kontinye avanse nan pwosesis elektoral la, malgre chanjman ki sot fèt nan tèt òganizasyon politik la. Yon jou anvan, madi 29 septanm 2026 la

haitianinfotv2026
30 sept.2 min de lecture


MICHEL SOUKAR REJTE TOUT ENPLIKASYON NAN YON KONPLO KONT JOVENEL MOÏSE
Istoryen Michel Soukar pote klarifikasyon apre non li te site pami temwen potansyèl defans Christian Emmanuel Sanon nan pwosè k ap dewoule Ozetazini sou dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Soukar demanti nenpòt enplikasyon nan yon pwojè konplo, ranvèsman pouvwa oswa asasina Jovenel Moïse. Dapre li, rankont li te genyen ak Christian Emmanuel Sanon yo te ra e yo te konsène sèlman liv ak sijè ki gen rapò ak istwa peyi Dayiti. Istoryen an fè konnen li pa t patisipe nan o

haitianinfotv2026
30 sept.1 min de lecture


SAMIR HANDAL NAN DOSYE ASASINA JOVENEL MOÏSE: LAJISTIS AMERIKEN METE AKSAN SOU SIPÒ FINANSYE AK LOJISTIK
MIAMI, 29 septanm 2026. Biznisman ayisyen Samir Handal fè pati moun lajistis federal ameriken akize nan kad ankèt sou konplo ki te mennen nan asasina Prezidan Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021, nan rezidans prive li nan Pèlerin 5. Dapre Depatman Jistis Etazini, Handal fè fas ak akizasyon federal ki gen rapò ak konplo pou touye oswa kidnape Jovenel Moïse. Dosye lajistis la konsantre sou wòl diferan moun ki ta patisipe nan finansman, preparasyon ak sipò lojistik operasyon an. Pandan p

haitianinfotv2026
29 sept.2 min de lecture


GILBERT BIGIO, GWO FIGI NAN SEKTÈ PRIVE AYISYEN AN, MOURI A 91 AN NAN FLORI
MIAMI, 29 septanm 2026. Biznisman ayisyen Gilbert Bigio mouri madi 29 septanm 2026 la nan Florid, Ozetazini, a laj 91 an. Fondatè GB Group, gwoup ekonomik ki vin pote non B|G|O, Bigio te youn nan pèsonalite ki pi enpòtan nan sektè prive ayisyen an pandan plizyè dizèn ane. Li te papa biznisman Reuven Bigio epi li kite dèyè yon gwoup familyal ki devlope aktivite li nan plizyè sektè ann Ayiti ak nan rejyon Karayib la. Jiska moman piblikasyon atik sa a, okenn enfòmasyon ofisyèl p

haitianinfotv2026
29 sept.2 min de lecture


DOSYE KALITE GAZ LA: MÈT ARNEL RÉMY POTE PLENT KONT MINIS KOMÈS LA AK DIREKTÈ SÈVIS KALITE MINISTÈ A
PÒTOPRENS, MADI 29 SEPTANM 2026. Avoka Mèt Arnel Rémy pote plent nan Pakè a kont Minis Komès ak Endistri a, James Monazard, ansanm ak direktè sèvis ki responsab kalite nan ministè a. Demach la fèt nan kad polemik sou kalite gaz k ap vann sou mache ayisyen an. Plent lan vini nan yon moman kote plizyè konsomatè ap rapòte pwoblèm mekanik sou machin, motosiklèt ak lòt ekipman ki sèvi ak gaz. Gen moun ki sispèk pwoblèm sa yo ta kapab gen rapò ak kalite gaz yo achte nan kèk estasyo

Haitian info TV
29 sept.2 min de lecture


DOSYE ASASINA JOVENEL MOÏSE: PWOSÈ CHRISTIAN SANON OUVRI NAN MIAMI AK PLIZYÈ GWO NON SOU LIS TEMWEN YO
MIAMI, 29 SEPTANM 2026. Pwosè Christian Emmanuel Sanon nan kad dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la te kòmanse lendi 28 septanm 2026 devan tribinal federal nan Miami, nan Distri Sid Florid. Avoka k ap defann Sanon yo, Humberto Dominguez ak Zeljka Bozanic, mete plizyè pèsonalite ayisyen sou lis temwen yo prevwa rele devan tribinal la. Pami yo genyen de ansyen Premye minis, Claude Joseph ak Ariel Henry, ansanm ak istoryen ak ekriven Michel Soukar. Bò kote akizasyon an

haitianinfotv2026
29 sept.2 min de lecture
EDITORYAL HAITIAN INFO TVDEKLARASYON WILNER JOSEPH SOU “VIV ANSANM”: YON CHWA MO KI MANDE KLARIFIKASYON
Nan yon peyi kote kriz sekirite a domine lavi piblik la, pawòl yon kandida pou prezidans sou lapè, dyalòg ak rekonsilyasyon mande anpil presizyon. Se nan kontèks sa a deklarasyon Wilner Joseph la soulve kestyon. Pandan prezantasyon platfòm politik VIKTWA nan El Rancho Convention Center, Petyonvil, dimanch 27 septanm 2026 la, Wilner Joseph te deklare: « Si nou pa dakò pou n viv ansanm, n ap peri tankou yon bann idyo. » Nan sans nòmal li, “viv ansanm” kapab tradui yon apèl pou

haitianinfotv2026
28 sept.2 min de lecture


10 MOUN MOURI NAN GWO MÒN: PANDAN ELEKSYON YO AP PWOCHE, VYOLANS GWOUP AME YO KONTINYE SIMEN DÈY ANN AYITI
Gwo Mòn, 28 septanm 2026 — Pandan Ayiti ap prepare pou pwochen eleksyon yo, ensekirite kontinye ap koute lavi sitwayen nan plizyè rejyon peyi a. Yon nouvo atak sanglan rapòte nan komin Gwo Mòn, nan depatman Latibonit, kote anviwon 10 moun ta pèdi lavi yo. Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, atak la atribiye ak moun ame e li frape yon popilasyon ki deja ap viv anba gwo presyon akoz ensekirite. Bilan an ak tout sikonstans egzak ki antoure zak la poko konfime nan yon rapò of

Haitian info TV
28 sept.1 min de lecture


TRANBLEMANNTÈ SOUKE REPIBLIK DOMINIKÈN, RISK SISMIK NAN REJYON AN RETOUNEN NAN AKTYALITE
REPİBLIK DOMINIKÈN, 27 septanm 2026 Yon tranblemanntè souke Repiblik Dominikèn dimanch 27 septanm 2026 la, nan fen aprèmidi, sa ki te lakòz enkyetid nan plizyè lokalite nan peyi a. Sekous la te anrejistre anviwon 5:49 nan aprèmidi e li te santi nan plizyè zòn, tankou La Romana, El Seibo, San Pedro de Macorís ak Gran Santo Domingo. Premye estimasyon yo te pale de yon mayitid 5.2, anvan done sismolojik yo te sibi revizyon. Dapre done USGS/NEIC medya dominiken yo rapòte, mayitid

haitianinfotv2026
27 sept.2 min de lecture


TONY MIX PÈFÒME POU PREMYE FWA NAN SIOUX FALLS
SIOUX FALLS, 27 septanm 2026 DJ ayisyen Tony Mix te fè premye pèfòmans li nan vil Sioux Falls, South Dakota, samdi 26 septanm 2026, nan yon aktivite ki te rasanble plizyè manm kominote ayisyen an ak lòt patisipan. Pèfòmans sa a te kreye yon espas kote mizik ak kilti ayisyen an te jwenn plas yo nan lavi kiltirèl kominote a. Pandan sware a, Tony Mix te anime piblik la atravè plizyè seleksyon mizikal, nan yon anbyans ki te pèmèt patisipan yo danse, rankontre epi pataje yon moman

haitianinfotv2026
27 sept.1 min de lecture


SMITHFIELD AP PREPARE POU DEPLASE IZIN LI NAN SIOUX FALLS, KÈK REZIDAN ENKYÈ
SIOUX FALLS, 27 septanm 2026 Smithfield Foods ap prepare pou deplase gwo izin li genyen nan sant Sioux Falls la pou mete li nan Foundation Park, toupre vil Crooks. Pwojè sa a kapab pote plis devlopman ekonomik nan zòn nan. Men, kèk moun ki abite toupre kote nouvo izin nan pral ye a di yo gen enkyetid. Patti Guthrie se youn nan rezidan sa yo. Li menm ak mari li achte anviwon 20 kawo tè nan zòn nan depi 1996. Pandan ane yo, yo plante plis pase 2,000 pyebwa ak ti pyebwa sou pwop

haitianinfotv2026
27 sept.2 min de lecture


MICHEL MARTELLY ENSKRI KÒM KANDIDA POU PREZIDAN, SANKSYON ENTÈNASYONAL YO SOULEVE KESYON SOU DOSYE LI
Ansyen prezidan Michel Martelly enskri kòm kandida pou pwochen eleksyon prezidansyèl yo pandan li anba sanksyon Etazini, Kanada ak Inyon Ewopeyèn. Dekrè elektoral la fè referans espesyal ak sanksyon Konsèy Sekirite Nasyonzini.

Haitian info TV
23 sept.1 min de lecture


REPUBLIK DOMINIKÈN: LAPOLIS ARETE 2 GASON KÒM SISPEK NAN LANMÒ ANDY LOUISSAINT:
Lapolis dominiken arete José Antonio Martínez Joseph, yon Ayisyen ki gen 41 lane, ansanm ak Juan Gabriel Marte Ramírez, yon Dominiken ki gen 26 zan. Otorite yo sispèk yo enplike nan lanmò Andy Louissaint, yon sitwayen ameriken orijin ayisyen ki te gen 47 lane. • Jedi 10 septanm 2026, Andy te fè yon manm fanmi li konnen li t ap soti pou l al rankontre yon moun ki rele Martínez. Li pa t retounen lakay li apre rankont lan. • Dapre premye rezilta ankèt la, yo ta touye Andy nan Di

haitianinfotv2026
15 sept.2 min de lecture


FRÈ LUCKSON DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KONNEN DCPJ TE KONVOKE L SOU DOSYE OTAJ KENSCOFF YO
Fondasyon Frè Luckson « Zòn Pa Fè Moun » pote presizyon sou enfòmasyon ki fè konnen Direksyon Santral Polis Jidisyè, DCPJ, ta konvoke responsab fondasyon an apre liberasyon plizyè otaj nan Kenscoff. Nan yon kominike li pibliye 5 septanm 2026, fondasyon an fè konnen enfòmasyon sa a pa egzak. Dapre dokiman an, Frè Luckson Jean pa t resevwa okenn konvokasyon nan men DCPJ. Responsab la konfime DCPJ te rele li nan telefòn jedi 3 septanm 2026. Objektif apèl la, dapre esplikasyon li

haitianinfotv2026
5 sept.1 min de lecture


ÉTZER EMILE ENSKRI KÒM ELEKTÈ NAN PETYONVIL, LI MANDE GARANTI POU ELEKSYON KREDIB AK TRANSPARAN
Ekonomis ak pwofesè Étzer Emile enskri nan rejis elektoral la jedi 3 septanm 2026, nan Lise Nasyonal Petyonvil. Plizyè jèn te akonpaye l nan demach sa a, ki pèmèt li prepare pou egzèse dwa vòt li nan eleksyon k ap vini yo. Pandan enskripsyon li, Étzer Emile eksprime enkyetid li sou fason pwosesis elektoral la ap dewoule. Li ensiste sou nesesite pou responsab yo reyini kondisyon ki kapab garanti yon eleksyon kredib ak transparan. Pou ekonomis la, patisipasyon sitwayen yo gen y

haitianinfotv2026
3 sept.1 min de lecture
bottom of page

