MICHEL MARTELLY ENSKRI KÒM KANDIDA POU PREZIDAN, SANKSYON ENTÈNASYONAL YO SOULEVE KESYON SOU DOSYE LI


Pòtoprens, 23 septanm 2026. Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly enskri sou platfòm Konsèy Elektoral Pwovizwa a, CEP, kòm kandida pou pwochen eleksyon prezidansyèl yo.
Enskripsyon Martelly a fèt pandan ansyen chèf Leta a anba sanksyon Etazini, Kanada ak Inyon Ewopeyèn. Sitiyasyon sa a relanse kestyon sou kondisyon legal yon kandida dwe ranpli pou patisipe nan kous prezidansyèl la.
Dekrè elektoral 2 jen 2026 la bay yon presizyon enpòtan sou kestyon sanksyon yo. Atik 76, pwen 9, prevwa yon kandida pou Prezidan Repiblik la pa dwe anba sanksyon Konsèy Sekirite Nasyonzini. Dispozisyon sa a pa site sanksyon Etazini, Kanada oswa Inyon Ewopeyèn kòm yon koz otomatik pou diskalifye yon kandida.
Kidonk, sanksyon ameriken, kanadyen oswa ewopeyen kont yon kandida pa sifi, sou baz dispozisyon sa a sèlman, pou etabli li otomatikman pa kalifye pou patisipe nan eleksyon an.
Enskripsyon Michel Martelly sou platfòm CEP a pa vle di kandidati li deja valide. Dosye li dwe pase nan pwosesis verifikasyon otorite elektoral yo, ki gen responsablite pou detèmine si li satisfè tout kondisyon legal ki prevwa pou patisipe nan kous prezidansyèl la.


Commentaires