REPUBLIK DOMINIKÈN: LAPOLIS ARETE 2 GASON KÒM SISPEK NAN LANMÒ ANDY LOUISSAINT:


Lapolis dominiken arete José Antonio Martínez Joseph, yon Ayisyen ki gen 41 lane, ansanm ak Juan Gabriel Marte Ramírez, yon Dominiken ki gen 26 zan. Otorite yo sispèk yo enplike nan lanmò Andy Louissaint, yon sitwayen ameriken orijin ayisyen ki te gen 47 lane.
• Jedi 10 septanm 2026, Andy te fè yon manm fanmi li konnen li t ap soti pou l al rankontre yon moun ki rele Martínez. Li pa t retounen lakay li apre rankont lan.
• Dapre premye rezilta ankèt la, yo ta touye Andy nan Distri Nasyonal la, anvan yo transpòte kadav li nan depo magazen rad Martínez Sport & Moda, ki pou Martínez Joseph.
• Dapre otorite yo, kamera siveyans yo montre mesye yo t ap frape Andy plizyè fwa. Li ta mouri apre kou li te resevwa yo.
• Samdi 12 septanm 2026, fanmi Andy te deklare disparisyon li bay otorite yo.
• Lendi 14 septanm 2026, kèk moun nan zòn kote magazen an ye a te remake yon move sant ki t ap soti nan depo a. Okòmansman, yo te panse se te yon bèt ki te mouri. Lè sant lan te vin pi fò, yo te alète lapolis.
Lapolis te dekouvri kadav Andy nan pati dèyè depo a. Dapre premye enfòmasyon yo, moun ki te komèt zak la te fouye yon twou nan saldeben an, mete kadav la ladan l epi kouvri l ak beton.
Gen yon vèsyon k ap sikile ki fè konnen krim nan ta gen rapò ak yon konfli sou 3 milyon peso dominiken. Sepandan, Lapolis Nasyonal dominiken ak Ministè Piblik la poko konfime enfòmasyon sa a.
Ankèt la ap kontinye. De mesye yo rete sispèk toutotan lajistis poko pwononse yon kondanasyon kont yo.





Commentaires